LI LE- LI TAN POU’N FE ACTION Di mwen anpil Map diw yon ti kras Nan 2 ti mo Map abiyew M pale mo------ m’pa pale numero Li le – li tan pou’n fe action
_peyi’n ap mache tankou yon hamster Tankou yon camion ki san lumie N’bezwen protection N’bezwen securite Neg san vision paka gouvene
Nou gin konbien tan nap mache sou salte Li le- li tan pou’n avanse Bann san konsians Bay moun yon chance
Nou san discipline San destination Nou fe moun pale moun mal Nou fe moun mache sou nou Tankou fatra ki la saline Si zanset mwen yo gin pouvoi Se pou yo kase kou’n Padon BONDIE yo eneve’m
Depi 200 zan nap mache sou san Nap mache sou kan san fe provision Sel sa ki chanje--- se culture mizik nou __-- Nou paka dirije fanmi nou Nou bezwen dirije peyi Ti krik – ti krak nou kraze brize Le nou we 10 Nou di nou we 1 Zanset nou yo pat konn li Min yo te gin vision
Le nou a letranje n’chanje identite’n M gade yo ak bouda je Paske yo pranl nan san
Premie pep noir ki pran indepandance Oh Gade kijan chans ap drive nan fatra M’gin 21 ans se pa 21 jou Le’m ap realize Nou still ka repare Bann kalbas gran bouch Fout pie’n ate By: Linechar
Sel chante’m ka chante pou ou Sel ekri’m ka ekri’w ti let ankachet Se pa fot mwen Si’m pa fe sa yap keyi’m tankou yon mango vet Sel gade’m ka gade’w Si’m pale yap yap disparet mwen tankou yon kout zekle Ke’m ap sinyin Dlo pa ka ret nan je’m M tounin yon restavek ki nan prison pou la vi M oblije konsanti ------Paske’m, we pa gin vi Si yo te ka konsanti Mmm M’tap rive bati yon souri Ala traka pou pou grin mayi Alor-----meci Bondie---------meci By: Linechar
WWW.MYSPACE.COM/VOXSAMBOU
WWW.MYSPACE.COM/VOXMOVEMENT
WWW.NOMADICMASSIVE.CA LEAVE COMMENTS ABOUT THE VIDEOS ON MY PROFILE OR E-MAIL US: sonnyf2666@yahoo.com or voxsambou@yahoo.ca TO TELL US WHAT YOU THINK ABOUT THE VIDEOS.
Happy New Year Comment Graphics
Comments & Glitter Graphics for Myspace, Hi5, Orkut, Friendster